PwovÈb lakay. Bon ti Pawòl peyi neg dayiti
-. « Fok w aprann pou w
konprann. »
-. « Siw pare samdi-w, dimanch
chen pap domi nan recho’w »
-. « Chak jou
padimanch »
-. « Apre dans tambou lou »
-. « Manti mèt kouri jan’l ta vle, laverite ap toujou
kenbel’. »
-. « Pa janm bliye grenn lapli ki fè jadenw pouse. »
-. « Pran devan pa anyen se konn larout ki tout »
-. « ZwazoK’chante anpil pa gra »
-. “Pise marengwen ogmante larivye”
-. “Lang pa lanm, men li ka
nwaye-w”
-. “Mache soutrpou w pa pila katòz”
-. “Timoun radi, timoun Fwonte, se nan simityè bab yo pouse.”
-. « Joumou padonnen kalbas »
-. « Jako nan mòn pa kon di jako lavil. »
-. “Sèl pa janm vante tèt li dil sale”
-. “ Ti grenn diri ki pi cho-a se li ki fe graten an premye”
-. Batem fet anpate chen konnenl
-. Rete trankil se reméd kó
-. Evite miyó pa se mande padon
-. '' Yon sèl dwèt pa manje kalalou ''
-. Kriye pa leve mó
-. Chen gen kat pye li pa mache nan kat chemen